Information Publique
Communique de Presse

Wyclef Jean, Manm Fondasyon ALAS, ap kole zepòl ak OPS pou bay iminizasyon an jarèt nan peyi Dayiti

Yon nouvo anons sèvis piblik ap fè pwomosyon vaksinasyon kont lawoujòl.

Washington, D.C., 1ier mai 2008 (OPS)—Wyclef Jean, mizisyen, pwodiktè, konpozitè, manm Fondasyon ALAS, jodya parèt ak yon anons sèvis piblik (ANONS) tou nèf ki pou kapab gwosi patisipayon nan yon kanpay pou vaksinen jen ti Ayisyen kont lawoujòl ak ribewòl. Kanpay la ap chache vaksinen 5 milyon jen ti moun, e se youn nan pi gwo jefò iminizasyon ki janm fèt nan peyi Dayiti.

Nan ANONS sa ke Òganizasyon panameriken pou lasante (OPS) prepare ansanm ak Fondasyon ALAS, Jean mande tout manman ak papa ayisyen yo pou yo menen pitit yo al vaksinen, yon jan pou montre yo kouman "yo renmen yo". ANONS lan fè pwomosyon pou dezyèm etap kanpay la kap koumans nan mwa jen e ki pwal chache vaksinen jèn moun ki gen laj 1 lane jis 19 lane nan anba lavil yo. Premye etap la ki te koumanse nan mwa novanm lan, te kouvri jen ti moun nan pwovens yo.

Anba deviz kreyòl la Ann Al Vaksinen, Travayè lasante ayisyen yo pandan premye etap kanpay la te vaksinen 2.3 milyon jen moun kap viv andeyò ak nan kèk lekòl lavil. Ti moun ki gen laj 1 rive 4 lane te resevwa vitamin A, aloske ti moun ki te gen laj pou al lekòl te resevwa medikaman kont parazit. Pandan dezyèm étap la, fonksyonè lasante yo ap chache vaksinen yon lòt 1.8 milyon jen moun.

Kanpay iminizasyon an ap chache mache vit pou elimine zafè lawoujòl ak sentòm lawoujòl konjenital la (SLK) nan peyi Dayiti. Lap chache konsolide peyi a tou nan inisyativ sa. Tout jefò sa yo kap fèt la, se pou anpeche plis pase 1200 ka SLK parèt pandan dis pwochen lane sa yo e inisyativ sa, se yon jefò tout peyi nan Lamerik la ap fè pou elimine lawoujòl la ansanm ak tout SLK nan zòn sa a, depi koulye a rive jouk lane 2010.

Se yon viris ki bay Lawoujòl e jeneralman se ti moun ki pran maladi sa; men si yon fanm vin enfekte lè li fèk ansent, ti moun nan ka fèt ak SLK, e se ka lakòz li vin gen yon seri defòmasyon: li ka fèt avèg, soud; li ka gen pwoblèm kè, e li ka fèt retade. Anvan peyi yo koumanse vaksinen kont lawoujòl, plis pase 20 000 ti moun te fèt ak SLK nan zòn lamerik la sèlman. Jodya, plis pase 145 milyon gason, fanm ak ti moun nan zòn nan resevwa vaksen yo kont maladi sa.

"Lawoujòl la se yon maladi ki sanlè tounen twazyèm maladi ki fèt pou elimine nan lemondantye", Cuauhtemoc Ruiz, direktè pwogram iminizasyon OPS la di. "Jefò sa nan peyi Dayiti enpòtan pa sèlman pou diminye kantite ka yo jwen nan yon sèl peyi, men pou fè pwogrè pou elimine maladi sa nan tout rejyon an".

Wyclef di "Se yon maladi yo ka frenen nèt ale e pèson nan peyi Dayiti oubyen nenpòt ki lòt kote pa ta dwe soufri ak maladi konsa." Li kontinye pou di "Kanpay sa pwal pèmèt tout manman ak papa pwoteje pitit yo pou yo pa pran maladi anraje sa".

Kanpay sa nan peyi Dayiti gen sipò Gouvènman ayisyen an, OPS, Ajans Kanadyen pou Sante Piblik, Inyon Ewopeyen an, Ministè Lespay pou zafè etranjè ak koperasyon, Fon Nationzini pou ti moun (UNICEF), Fondasyon Nasyonzini, Ajans Etazini pou devlopman entènasyonal (USAID), Sant Etazini pou kontwòl ak prevansyon maladi (CDC), ak Fondasyon ALAS.

Fondasyon ALAS,se yon fondasyon ki pa la pou fè lajan. Se yon seri gwo atis ak filantwòp nan Lamerik ak Lespay ki te kreye li. Objektif li se kore lasante ak ediksayon ti moun ak yon seri pwogram pou fè yo pran konsyans, ak pwogram finansman sosyal.

Yele Haiti, se yon Fondasyon mizisyen Wycleff Jean, ki genyen gwo pri mizik, te mete kanpe e kap travay pou fè yon pakèt moun nan peyi Dayiti viv pi byen. Li sipòte yon seri pwojè nan edikasyon, lasante, lanvironman, ak devlòpman kominotè.

OPS, se yon òganizasyon ki fèt nan lane 1902. Li travay ak tout peyi nan Lamerik la pou kore lasante ak pou fè tout pèp peyi sa yo viv pi byen. Li se Biwo rejyonal tou pou Lamerik nan mitan Òganizasyon mondyal Lasante.

Anons sèvis piblik:



Creole


English

60 Years of the WHO
60 Años de la OMS

Pour plus d’information: , Information Publique, Tel +1 202 974-3459, fax +1 202 974-3143, , Tel +1 202 974 3036; pour recevoir une copie du anons contactez , Tel +011 509 22 45 4553.